BRAVO Tech'N More

BRAVO Tech'N More Meilleure technologie, meilleur avenir

07/12/2025

Lè yon moun bwè kloròks pa bal bwè lèt,ni anyen, pa fouye dwèt nan lalwèt li pouw fèl vomi wap agrave sa,ann wè sa pouw fè ,pataje tèks sa pou plis moun jwenn konesans

Kijan pou nou reyaji lè yon moun bwè klowòks? 😳

Toudabo kisa klowòks la ye ?

Klowòks se yon konpoze chimik yo itilize nan endistri e yo itilizel nan kay pou fè travay ak pou dezenfekte . Se yon pwodui a izaj ekstèn ( deyò)

Ki siy a sentom moun ki bwè klowòks la prezante?

- vant fè mal
- sansasyon je, nen ak gòj kap boule moun nan
-doulè nan lestomak
- Tous
-kè plen ak vomisman

Ki sa nou dwe fè ?
Kouri mennen moun nan lopital byen vit, pou fè lavaj pou li...

Kisa pouw pa fè?❌
pa alonje moun nan pou pa fè prodwi toksik la bouje nan vant moun nan...

Pa fè moun nan vomi paske prodwi an pral fè chemen envès la e reboule "oesophage" moun nan
Tanpri pa foure menw nan gòj moun nan pouw fèl vomi

Pa fè moun nan bwè anyen ni lèt ,ni dlo poukisa? paske lèw bwè nenpot bagay la sa pral ogmante volim likid ki nan estoma e pwodwi an pral epapiye sou plis sifas

Si prodwi an se nan je moun nan li antre, fèl rense jel a dlo tyèd pandan 15 a 20 minit pandanw pral lopital avèl

Prevansyon
- pa met prodwi sa yo kote timoun ka jwenn yo
- lèn mete yo nan yon lòt galon fok nou ekri ki pwodwi ki sou yo.
- pa mete yo tou prè galon dlo
- pa mete yo prè sal a manje

Like & pataje

Norbrun Kerry Care-ry & Nurse Lourdemia
fans

26/11/2025

Men rezon ki fè paran ayisyen renmen tape timoun 2 zan yo,podjab malere yo eben mezanmi vin pran konesans, pataje tèks sa pou met plis paran ayisyen nan limyè

kisak fè timoun yo vin chanje a laj 2 zan? ki se yon kalvè pou paran yo, e ke ou menm ki pako paran ap gen pou viv li

yon ti konesans anplis ka ede anpil paran a moun ki gen pou paran konprann yon femonèn , pataje tèks sa pou plis moun atenn, pa neglije pataje l nan tout gwoup yo

lèw fin fè yon ti bebe li tankou yon zanj tout moun kontan gad ti zyel ,li inosan ,li toujou sou jwe, li renmen souri avèw pi lèl pral nan 2 zan li transfòme an demon genyen depi sou 18 mwa yo gentan transfòme tout saw di li repon "non" paran ayisyen ki deja renmen bat achte rigwaz met nan kay la, sitou pou fè yo manje

nou konn wè yon timoun nan lye piblik kap fè kòlè woule atè epi paranl vin wont koz tout rega fikse sou li , li santi nan kè moun yo yap di gad jan yon timoun maledve ,nou konn tande paran kap di "oh oh tout sam diw se non ou reponn wap jwenn avèm lakay"

eben detwonpe nou chè paran a ou menm kap gen pou paran sa rele sa" crise des 2 ans" oubyen ankò" terrible two"

sak pase? kijanl manifeste? eske se baton kap korije yo? e kijan pou paran yo reyaji? kilè pou yo sanksyone?kijan poun abitye timoun yo a lye piblik?

2 zan se laj timoun nan kòmanse pran kontwòl kòl , kòm anpil lòt bagay li kòmanse metrize langaj li e aprann di" non", li vin konprann li son moun menm a jan a tout moun li gen dezil li gen chwal, e a laj sa sèvo an kòmanse antre nan faz matiritel,zòn sèvo yo devlope men yo pako mati sou plan emosyonèl e sa pral koze chak fwa timoun nan chanje imè nenpòt lè dèfwa li gen yon kòlè ke menm li menm paka jere

kriz 2 zan manifeste pa plizyè fason
-li konn refize saw ba li , se nan moman sa paran yo renmen plenyen timoun nan pa vle manje, konsa tou li ka fin diw achte yon jwèt pou li , a lèl te diw achtel la ou pat achtel lèw achtel pou li ,li di non li pa bezwenl ankò lal boude nan yon ti kwen

ou ka pot bibwon preferel la pou li nan espwa ou pansel pral bwè li diw non li pa vle son lòt bibwon pouw achte pou li

-tout saw di timoun nan se non , li opozel a tout bagay dèfwa l konn menm nève, ou konn wè yo leve kò yo frape atè al kriye nan yon ti kwen

nan moman sa yo paran yo ap pase yon move moman, peryòd sa ka difisil pou jere pou paran ,li pèmèt timoun nan grandi se yon etap ki endispansab nan devlopmanl , timoun nan vle vin gen otonomil

kisa pou paran yo fè?
lè timoun nan antre nan faz sa gen konpòtman poun adopte
-evite konfli a timoun nan , pa al diskite rele sou sou li nan moman kòlè yo, li pap tandew, pa kite emosyon pote w ale ,gen paran ki konn tèlman bat yon timoun aprèl santil regrèt

-pa kite timoun nan fè tèt li mal pandan moman kolè , pa egzanp sil al leve kòl frape atè sou yon macheskalye li ka woule al tonbe anba , veye sou li, jis kile nan ti kwenl wap wèl vin jwenn ou

-kòm timoun nan se otonomil lap chèche pou fèl manje ou ka enpozel yon chwa ant 2 asyèt preferel yo wap wè l manje nan sal vle an, de menm pou bibwon

kisa pou paran yo dwe fè? eske bat la se solisyon an?
gen diferans ant pinisyon a sanksyon, m pap janm voye nou al met timoun nan ajenou sou graj sèl nan solèy cho, ouvè timoun yo a rigwaz

ou ka sanksyone yon ak, dèyè sanksyon an gen ide de reparasyon dèyè pinisyon an gen lde imilyasyon ,pè

ou pa dwe ap prive timoun nan manje oubyen lwazi

ou pa dwe ap menasel , pa ekszanp wap relel li pa vle vini ou pa dwe dil wap kitel pou kòl ou prale kitel

yon egzanp de sanksyon kew dwe itilize avèk prekosyon se retrè timoun nan fè kòlè jis kitel sou yon chèz wap wè lèl fin kriye kont li lap retel vin jwenn ou, fòw korije sa avan 3 zan pou evite izolman paske nan laj 3 zan timoun nan pral gen poul al lekòl frekante lòt timoun sil renmen ret pou kòl sa ap nwi devlopman sikomotèl

kisa pouw fè avanw al nan yon lye piblik avèk yon timoun poul pa fèw wont?
-abityel a sòti an piblik, pa egzanp al legliz avèl pa egzanp, kote ou pap gen anyen poul ap mandew achte pou li

-byen avan dil kotew prale avèl e poukisa

-pa sòti a timoun nan nan momanl fatige li ka vle tounen lakay li poul al dòmi ,li ka pa deside dòmi kotew pral metel la

-mache a dlo ,sil ta bezwen pouw pa nan al achte

pa bezwen bat yo a rigwaz son bagay nòmal e sa fè pati de devlopman timoun nan, se yon etap menm jan a tout etap

siw wè sèl fason pou kalme yon timoun se baton, konnen otoritew pa etabli fòw al wè doktè avèl

like & Pataje tèks sa ,ann met lòt moun nan limyè paske chak ayisyen ta dwe konn enfòmasyon sa yoidantifye yon moun li avèw
Norbrun Kerry Care-ry

05/11/2025

"Mw al penyn yon kote gn plizyè timoun men gn yon ti pitit 3 zan ki pa wè si pitit mw deyèl la pandan lap fè bak li raboure pitit mw an li tonbe sou tèt, se tèt mw ki pa antann ak kèm ki fèm pa frapel nan yon mi pou telman bagay la fèm mal".

Sa se kòmantè yon paran, nou pataje li nan pòs se paske tout moun ka wè li ak nou vle konnen plis sou paran yo. Paske mwen remake ke gen kòmantè ki ale nan menm sans lan tou kidonk nou oblije pale de sa.

Men, ann poze tèt nou kesyon sa yo:
Èske nou, kòm granmoun, ap pwoteje pitit nou vre si nou pare pou fè mal ak yon lòt timoun? Wi pitit paw la tonbe sou tèt ew se manman, sa pa manje w vre men èske sa merite tout vyolans sa? Èske si lòt timoun nan te pitit ou se menm lide sa ou tap genyen?

Timoun yo ap aprann kontwole emosyon yo, yo ap dekouvri limit yo. Yo fè jès san yo pa toujou konprann konsekans yo.
Sa ki bezwen nan moman sa a se edikasyon, pasyans ak bon egzanp, men se pa vyolans. Chak fwa nou reyaji ak kòlè, nou montre pitit nou ke frape se yon fason pou rezoud pwoblèm.
Chak fwa nou chwazi pale, eksplike, gide ak kalme, nou anseye yo lanmou, respè ak konpasyon.

Pitit ou ap gade w, li aprann nan sa w fè, pa sèlman sa w di. Ann sispann itilize vyolans pou tout bagay ann pale olye de frape, ann eseye konprann olye nou jije.

Ou menm paran konnen byen a ki moun wap kite pitit paw, se pa paske moun nan se yon manman tou pou w panse ke lap pwoteje paw la. Se mèt afè ki veye afè.
M ap mandem si pat gen lòt moun la èske sa li di li tap fè a èske li patap kite kolè gide l epi fè l. Chak moun kontwole kolè yo fason diferan, sa pa fè moun nan yon move manman pou sa men mwen trouve pawòl la gen twòp vyolans kont yon bebe 3 lane.

Pédiactu Family (PédiactuFam) PédiActu Fam Pédiactu

11/09/2025

XX (MANMAN) + XY (PAPA) = SÈKS BEBE A

👩🏾 Manman toujou bay yon X

🧔🏾 Papa ka bay swa X oswa Y

👧🏾XX = Ti fi

👦🏾 XY = Ti gason

Se kromozòm papa a ki deside sèks bebe a, se pa manman an.
Kidonk mesye, si madanm nou ban nou pitit fi pandan ke se gason nou te vle osinon gason pandan ke se fi ou te vle, konnen sa soti nan ou pa nan madanm ou.

Pédiactu PédiActu Fam Pédiactu Family (PédiactuFam)

10/09/2025

MEN DIFERAN FASON TI BEBE YO KA RALE

Rale, se youn nan etap motrisite ke anpil ti bebe rive atenn nan premye ane a, sa kòmanse jeneralman, ant 7 a 10 mwa.

Sepandan, pou bebe a pare pou rale, sa mande plis fòs miskilè pase laj li, kidonk li enpòtan pou'w pa fòse li.

MEN 4 ETAP POU YON TI BEBE RALE

Ranpe ta ka kòmanse lè bebe a woule sou kote dwa ak goch li ak kapasite pou chita poukont li. Epi sa yo vin apre :

• Leve kanpe sou tout 4 manm li yo
• Woule an avan ak an aryè
• Pouse pa bak pandan kowòdinasyon an ap devlope
• Bouje bra ak janm yo an menm tan pou avanse pi devan.

Ou ka ankouraje ti bebe'w la rale si'w mete li regilyèman sou vant, epi mete jwèt ak liv yon ti jan lwen li pou'l ka eseye al pran yo, ak pouse janm li lè li sou 4 pat pou ankouraje li bouje.

MEN 6 FASON YON BEBE KA RALE

Gade foto a pou'w ka wè fason yo pi byen.
Pa gen okenn fason kòrèk pou yon bebe rale. Sepandan, pitit ou a ka prefere youn (oswa plis) nan 6 estil sa yo:

1. RALE NAN YON FASON KLASIK: altène bra a ak janm opoze a (egz: bra dwat, janm gòch), nan lòt mo deplase sou 4 pat.

2. KRAB : pliye yon jenou epi detire janm opoze a pou avanse pou pi devan.

3. KÒMANDO : kouche sou vant epi trennen kò li sèlman avèk bra yo.

4. LOUS: mache sou men ak pye li yo, pandan koud ponyèt yo ak jenou yo rete dwat.

5. GLISE : sèvi ak bra li yo pou pouse kò li pa devan pandan ke li chita sou dèyè li.

6. WOULAD: avanse pandan lap woule avèk kò li.

E SI TI BEBE OU A PA RALE ÈSKE SE YON PWOBLÈM ?

Gen kèk timoun ki pa janm rale epi mache dirèkteman. Li pa grav si pitit ou a pa rale nan fason klasik la oswa si li pa pase pa etap sa osi lontan ke li bouje sou vant li lè li sèvi avèk bra li yo ak janm li yo.

Asire w, sepandan, ke ti bebe'w la pa itilize yon sèl bò nan kò li sèlman pou li rale, paske sa ka endike yon pwoblèm. Kontakte doktè ou oswa pèsonèl swanyan ou pou chèche konnen!

Ti bebe'w la am rale lè li pare, epi li pral fè sa nan fason pa li, kidonk nou dwe pasyan ak pozitif.

DI NOU KI NIMEWO PREFERE BEBE OU A😊😊



Pédiactu PédiActu Fam Pédiactu Family (PédiactuFam)

10/09/2025

Lachin fèk devwale yon gwo inovasyon ki se premye mikro-pòsesè 6G tout-frekans nan mond lan. Aparèy sa a fèt nan yon gwosè piti anpil, men li gen kapasite ekstraòdinè. Li kapab rive jiska 100 gigabit pa segonn, yon vitès ki depase 5G plis pase dis fwa. Avèk pèfòmans sa a, yon fim antye kapab telechaje nan kèk segonn sèlman, epi gwo aplikasyon tankou videyo 8K, reyalite vityèl ak reyalite ogmante ap mache san entèripsyon.

Mikro-pòsè 6G sa a mache ak tout bann frekans yo, sa ki fè li pi fleksib pase teknoloji 5G a ki limite. Avansman sa a gen gwo enpòtans pou lavni: li ka sèvi nan transpò entèlijan, sistèm medikal a distans, vil entèlijan, defans ak entènèt... Pandan 5G an mwayèn ofri anviwon 10 gigabit pa segonn, nouvo jenerasyon 6G sa a depase l plis pase dis fwa. Lachin vle sèvi ak pwogrè sa a pou pran tèt nan kous mondyal teknoloji kominikasyon yo, epi louvri yon nouvo etap nan lavi dijital moun yo kote tout bagay ap vin pi vit, pi senp, epi plis konekte.

10/09/2025

Tout deblozay la kòmanse lendi pase apre gouvènman te deside bloke 26 rezo sosyak nan peyi a, pami yo Facebook, X, Youtube, pou anpeche yon mouvman lajenès ki rele ‘’generation Z’’.

Lapolis vide bal epi touye 19 jenn ki t ap patisipe nan yon manifestasyon pou mande leta eksplikasyon.

Menm kote a, yon sèl revolt deklanch nan peyi a, malgre premye minis K. P. Sharma Oli (73 zan) te kouri fè debloke tout rezo sosyal yo epi anonse ankèt pral mennen pou konnen kijan lapolis fè touye 19 jenn sa yo.

Minis finans lan pran bwa kale, yo mete l toutouni epi lage l nan yon rivyè. Minis afè etranjè a pran bwa kale tou. Manifestan yo mete dife lakay yon ansyen minis pandan madanm li te fèmen anndan kay la.

Yo boule palman an ak tout rezidans premye minis lan. Se elikoptè lame voye pran l epi sove avè l pou te anpeche pèp la ba li bwa kale tou. Kèk moman aprè, K. P. Sharma Oli anonse li demisyone nan pòs li kòm premye minis.

Nepal se yon peyi 30 milyon abitan ki twouve l nan sid kontinan azyatik la.

Aktyèlman 20% nan popilasyon an ap viv nan povrete.

10/09/2025
05/09/2025

En 2002, l'attaquant sud-coréen Ahn Jung-Hwan a été viré de son club, Pérouse en Italie après avoir marqué le but en or qui a éliminé l'Italie lors de la Coupe du Monde 😲

Le président de Pérouse avait licencié le joueur à son retour en club : « Quand il est arrivé, c'était une brebis égarée>>Il est devenu riche sans fournir de prestations exceptionnelles. Il me suffirait d'1,6 million d'euros pour prolonger son contrat. Mais je ne le ferai pas. Vous croyez que je vais garder un joueur qui a ruiné le foot italien. Son coup de génie, il devait le faire avec nous."

05/09/2025

Yon afriken ki te rele Zakata te fè yon kou Akademi polis pou 21e Pwomosyon PNH la ki te rele: "Ransèyman Jeneral"!

Wo kòmandman PNH la pat okouran de kou sa svp?

Anndan l ou jwenn envestigasyon...

1- Mwen aplike l Malpas 2010 aprè tranbletè a pou m konprann fonksyonman ajan dwanye, imigrasyon, veterinè ak polisye ki tap travay sou Fontyè a nan Komisarya Malpas!

2- Mwen aplike l Leyoga-n 2011/chofè moto

3- Mwen aplike l nan Nòdès, Ferye 2012/ Kòm nèg kap fè kay pou koure kochon aprè yon gwoup nèg te fin kase yon depo...

4- Mwen aplike l 2013 aprè asasina Polisye 18e Pwomosyon Jean Richard Heurtz Cayo dit: Janjan pou m te antre Gran Ravin al fizye Tikenken an machann Pap padap, men yon moun ki te konnen m kap fonksyone nan zòn nan te poze m kesyon si m kite lapolis e m te di l wi, men li te reponn mwen bon se nan Nòdès wap travay, pa di m se pou lanmò Janjan w pral antre Gran Ravin la non... dlo jis koule nan je m epi m di l menmsi m mouri men map elimine l, brèf...

5- Mwen aplike l 2014 nan Nip/Miragwa-n

6- Mwen aplike l anndan Penitansye Nasyonal 2021/ Yon ansiklopedi enfòmasyon gang sou tout fòm nan tout kouch ki pran kontwòl peyi a... sous enfòmasyon Yonyon 400 mawozo, 50/50 elatriye.

Si Wo Kòmamdman PNH la te sou travay depi anndan sant yo tap seleksyone aspiran polisye e konn kijan yo pral itilize yo gradye ou pa nan pwomosyon an jis pou yo itilize yo kòm "Polis Sekrè ki tap sou titèl DCPJ" epi mennen bon enfiltrasyon pou pwoblèm gang nan rezoud sou tout fòm.

Èske DCPJ pa gen polisye pou l itilize sou fòm sa?

Rep: Wi, men yo itilize yo mal sitou anpil polisye DCPJ nan konfyolo ak gang sou tout fòm e sa rann RF paka bay randman.

Se domaj, soti nan leta rive nan wo kòmandman se pa lapolis pwoteje ak sèvi popilasyon an men se pito pwoteje sak sèvi epi itilize polisye tankou byen pèsonèl yo menmjan ansyen responsab Komisarya Omega "Kafou" te konn fè l la nan ane 2011 ki ta pral mete l nan pwoblèm ak mwen lè m tap travqy Kafou!

Anyen paka devye m nan batay byennèt la, AYITI se yon peyi Lib, souveren e endepandan men jodi a politisyen san karaktè, medya gang ak gang ekonomik gangsterize l jis nan zo pandan tout depòtasyon gang ak sapat fè retonbe soufran ak mizè atwòs la se pou mas defavorize a!

Si nou pa pran konsyans pou nou kite fanatik paske Prezidan, Senatè, Depite, Minis, Direktè elatriye se moun pa w, yon jou kanmèm k**a ap frape w paske w pap batay pou peyi vre tout tan l gen fòs kote!

Nap wè l ta, nap wè l ta, wi nap wè l ta e bat pou l pa twò ta!

Gang ak kostim se gang
Gang ekonomik se gang
Gang ak mikwo se gang
Gang nan wo kòmandman ak kad enferyè PNH la se gang
Gang ak sapat se gang...

Nou tout konplis nan kraze peyi a paske si w se polisye wap pwoteje gang ou se gang!

Si w aktè politik wap di gang ret dèyè barikad si yo arete yo wap di se pèsekisyon politik, ou se gang!

Si w nan mikwo ou gen gwoup gang alye pa w wap pwoteje ou se gang!

Si w gen lajan wap finasye gang ak sapat ou se gang!

Si nan mas la wap fè tout gang kont polisye, ou se gang!

Sispann endwi mas la nan erè paske nou pap regle anyen pou rezou pwoblèm gang nan vre ke itilize ensekirite a pou nou fè lajan sou tout fòm!

Konsyans ka rann ou vin Moun e konsa ansanm nou ka sove AYITI pou lòt jenerasyon kap vini yo!

Pèp la anvi viv, se yon dwa yo genyen pou yo viv tankou tout moun, libere peyi a pou lavi tounen pou tout moun ka viv tankou Moun!

Yon lòt AYITI posib!

Ansanm nou ka sove AYITI!

Mwen fè moun, mwen vin Moun e map mouri MOUN!

Moun tankou m pa anpil!

Yon jou lap jou!

Abelson Gros Negre dit: Sage le Grand "AG83"/ Defansè sila ki pi fèb!// RA-2054/PAPA (Patriyòt Angaje Pou AYITI)

Adresse

50, Rue Pyron, Thomassin 32
Pétionville
6140

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque BRAVO Tech'N More publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter L'entreprise

Envoyer un message à BRAVO Tech'N More:

Partager