08/03/2026
Aplikasyon Jesyon Sol
Aplikasyon Sol la se yon sistèm enfòmatik ki fèt pou fasilite jesyon yon gwoup moun ki mete lajan ansanm nan yon aktivite finansye yo rele Sol.
Nan anpil kominote, moun itilize metòd sa a pou ede youn lòt ekonomize epi resevwa yon kantite lajan pi gwo nan yon moman presi.
Objektif aplikasyon sa a se:
Fasilite òganizasyon sol la
Suiv peman chak jou
Konnen ki moun ki deja touche
Redui erè nan kalkil ak jesyon
Aplikasyon an ap sèvi sitou pou moun ki òganize sol la (yo rele souvan maman sol oswa responsab sol).